Mesi poutet ou pran
tan w pou pataje avi w avek nou pandan ke Athol-Royalston Regional School
District ap develop sa nou rele « vizyon yon gradye ».
Vizyon yon gradye
ede distrik lekol la defini esentyel konesans, konpetans avek mantalite TOUT
etidyan ta dwe genyen anvan lè pou yo gradye a. « Konesans »
refere ak tout tip konesans tout gradye ta supoze genyen. « Konpetans »
se tout sa yon gradye ta kap sipoze ka fè. « Mantalite »
refere ak atitid, kwayans avek fason panse nou vle tout gradye genyen.
Vizyon yon gradye
ta sipoze ka aplike pou ninpot ki gradye, kelke swa plan li apre li fin lekòl. Donk li enpontan
pou nou konsidere konesans, konpetans avek mantalite ki pral sevi ninpot ki
gradye lè li sot nan Athol
High School, ke li pral kontinye edikasyon inivèsitel li, ke li
pral pran de ou twa fòmasyon, ke li al nan lame, oswa li pral direkteman komanse
travay.
Mèsi ankò pou kontribysyon
w nan pwosesis enpotan sa.