Around Hear: Sonday sou Pwogramasyon Kominote Atistik la
Depi sezon prentan 2017 la, Around Hear ofri tan ak espas regilyèman pou moun ki fè plizyè kalite eksperyans lavi pou yo ka rasanble, koute, aprann, epi kreye ak yon lespri de pataj nan amitye, transparans, epi pase yon bon moman ... Tan sa yo ak espas sa yo vini sou fòm konsè ki fèt gratis nan kominote a, evenman sosyal e edikatif ki baze sou aktivite atistik, ak leson mizik endividyèl gratis pou moun ki pa gen anpil lajan, ki abite nan Somerville, Massachusetts. Tout aktivite nou yo fèt nan Mystic Activity Center a, nan mitan Mystic River Development ki nan Somerville Housing Authority a. (Tanpri vizite www.aroundhear.org pou plis enfòmasyon.)

Paske tout pwogram yo fè yon kanpe pannan pandemi an esepte leson mizik endividyèl yo, nou menm direktè yo, nou konsidere kijan pwogramasyon nou an ka fèt lè pa gen danje pou nou reyini ansanm ankò. Lè tan sa a rive, anplis ke rekòmanse seri konsè kominote gratis nou yo epi kontinye leson mizik nou yo, nou espere elaji pwogram atistik nou yo, e nou vle ekspansyon sa a  mountre kisa kominote nou an vle.

Se konsa, nou tounen vin jwenn ou kounye a pou nou konnen ki aktivite atistik gratis ki ta ka pi entrese w. Tanpri ranpli sonday sa a pou fè vòt ou konte!

Sign in to Google to save your progress. Learn more
Email *
Ki pwogram Around Hear ou te fè eksperyans ladan yo (tcheke tout sa ki nesesè): *
Required
Tanpri tcheke tout aktivite ki anba a ki ta ka enterese w (ak fanmi ou / moun lakay ou): *
Required
Tanpri dekri nenpòt aktivite ki ta posib ou ta renmen wè nou ajoute nan lis sa a:
N ap chèche lidè atistik ki soti nan kominote a pou kontribye nan pwogramasyon atistik Around Hearing  alavni. Si w enterese pou patisipe, tanpri di nou yon ti kras sou ki kote, ki espesyalite ou gen ekspètiz.
Next
Clear form
Never submit passwords through Google Forms.
This content is neither created nor endorsed by Google. Report Abuse - Terms of Service - Privacy Policy