Fòmilè demann pou Pwogram Akselerasyon Skolè pou Elèv jadendanfan K jiska klas 6yèm ane ak Pwogram Estraskolè (OST)
Lekòl Piblik Boston arive devlope yon pwogram estraskolè (aprè jounen lekòl) pou elèv ki nan klas jadendanfan K jiska klas 6yèm ane, pou ede yo nan konpetans lekti ak matematik. Pwogram Akselerasyon Skolè a ap bay pitit ou (yo) yon eksperyans akademik ki rich, kote ke l va li kèk liv e diskite kèk sijè ki anrapò avèk eksperyans imigran, eksperyans pèp Nwa ak pèp po koulè fonse oz Etazini ak toupatou nan lemonn, ansanm ak kèk lòt sijè ki trete kèk aspè kiltirèl, tankou jistis rasyal. Epitou pitit ou (yo) ap resevwa leson patikilye nan matematik ak lekti, ansanm ak ansèyman nan matyè STEM yo (ki vle di: syans, teknoloji, enjenyè/jeni, ak matematik) oswa Atizay. Ansèyman matyè STEM yo ka genyen ladan yo: wobotik, devlopman sit entènèt, aplikasyon (lojisyèl), ak devlopman jwèt videyo, oswa kèk lòt kalite ansèyman. Pami ATIZAY yo ka genyen dans ak teyat. Pwogram sa a se yon pwogram 15 semèn pou elèv ki nan jadendanfan K rive jiska klas 6yèm. Pwogram nan ap kòmanse 1ye mas, epi l ap fini 11 jen.

Lekòl Piblik Boston va kolabore avèk patnè aktivite estraskolè yo ("Out-of-School Time") pou mennen pwogram sa a toupatou nan vil la. Pwogram nan ap fèt vityèlman, amwenske pitit ou a ta nan yon gwoupman aprantisaj (“Hub”) ki deja egziste ke yo te apwouve pou dirije pwogram Akselerasyon Skolè a.

Si w ta renmen pitit ou patisipe nan youn nan pwogram Akselerasyon Skolè yo, tanpri ranpli fòmilè enterè a anba a. Tanpri note** ke Soumisyon yon fòmilè enterè pa garanti yon plas nan youn nan pwogram Akselerasyon Skolè yo. Pwogram yo va fè suivi avè w pou ba w plis enstriksyon konsènan enskripsyon an.


Sign in to Google to save your progress. Learn more
Next
Clear form
Never submit passwords through Google Forms.
This form was created inside of Boston Public Schools. Report Abuse