Sondaj sou Bisiklèt nan Miami Gardens
KONSÈNAN SONDAJ SA  

Live Healthy Miami Gardens ap travay men nan lamen ak Urban Health Partnerships pou ankouraje plis moun monte bisiklèt nan vil Miami Gardens nan sipòte kreyasyon enfrastrikti siklis sekiritè kidonk bay moun kap monte bisiklèt yo aksè sekirize nan tout vil la. Pi bon fason pou fè sa se pou vil la adopte bon jan Politik Lari.

LARI KONPLÈ YO
Sa nou rele Lari komplè yo se Lari ki fèt pou: pyeton, siklis sa vle di moun kap moute ak sikile sou bisklèt, moun kap pran transpò piblik, moun ki andikape epi chofè machin, nan lide pou yo ka travèse lari a pi fasil, mache ale nan magazen, ale nan travay, ak ale lekòl, bisiklèt pou ale nan travay, epi pou yo ka deplase san problem ak tout kalite aparèy ki otorize pou moun fonksyone nan Lari komplè. Lari Komplè sa yo dwe konstwi epi eksplwate pou bay priyorite nan tout sa ki gen rapò ak sekirite, konfò, ak pasaj pou tout moun kap itilize Lari a, espesyalman tout moun ansyen apwòch transpò tradisyonèl la pat panse ak yo men yo te pito konsantre sou fason Lari te fet pou machin sikile selman.

 Gen ampil fason yo ka konstwi  Lari Konplè yo, men sa ki pi enpòtan fòk Lari konplè sa yo genyen: twotwa ki laj epi ki gen lonbraj; liy ou pasaj pou bisiklèt ki byen pwoteje; liy ki rezève pou otobis; kote pou otobis ak taxi ka KAMPE epi bèl espas pou moun tann otobis; mete sekirite nan kote moun ap jambe kafou souvan yo kidonk limiè rouj "siyal" pou pyeton nan kote ki aksesib elatriye.

foto sa yo se ekzanp konsepsyon Lari konplè yo :
Sign in to Google to save your progress. Learn more
Liy bisiklèt ki fèt pou pwoteje epi separe siklis ak machin yo
Liy bisiklèt ki pentire ak lonbraj ki prevwa pou pyeton ak siklis yo
Pasaj pou pyeton ki fèt ak pentire pou pyeton yo kapab travèse kafou yo nan tout sekirite
Next
Clear form
Never submit passwords through Google Forms.
This form was created inside of Urban Health Partnerships. Report Abuse